Bad Advertisement?

News / Reviews:
  • World News
  • Movie Reviews
  • Book Search

    Are you a Christian?

    Online Store:
  • Visit Our eBay Store



  • HAITIANO BIBLIA - AMOS 5

    ANTERIOR CAPÍTULO - SIGUIENTE CAPÍTULO - AYUDA


    5:1 ¶ Nou menm, moun pèp Izrayèl, koute chante m'ap chante nan lapenn mwen gen pou nou:

    5:2 Pèp Izrayèl la tankou yon jenn fi. Li tonbe. Li p'ap janm leve ankò. Men li kouche atè a. Pa gen pesonn pou ba l' men.

    5:3 Seyè a di konsa: Lè yon lavil nan peyi Izrayèl la voye mil (1000) sòlda nan lagè, se san (100) ase ki tounen. Lè yon lòt lavil voye san (100) se dis ase ki tounen.

    5:4 ¶ Seyè a pale ak pèp Izrayèl la, li di l' konsa: Tounen vin jwenn mwen, n'a gen lavi.

    5:5 Pa al chache m' lavil Betèl. Pa ale lavil Gilgal. Pa moute ale bò Bècheba al fè sèvis. Betèl pa la pou lontan. Yo gen pou yo depòte moun Gilgal yo voye yo nan peyi etranje.

    5:6 Chache vin jwenn Seyè a, n'a gen lavi. Si se pa sa, l'ap tonbe sou pèp Izrayèl la tankou dife. Dife a ap boule lavil Betèl. Pesonn p'ap ka tenyen l'.

    5:7 Adye! N'ap vire lajistis lanvè, n'ap pilonnen dwa pèp la anba pye nou!

    5:8 Se Seyè a ki te fè zetwal yo, Lapousiyè ak Oryon. Li fè lannwit tounen lajounen, li fè lajounen tounen lannwit. Li rele dlo lanmè a, li vide l' sou tout latè. Yo rele l' Seyè. Wi, se konsa yo rele l'.

    5:9 Li rale malè sou gwo chèf yo, li fè kraze sitadèl yo nèt.

    5:10 Nou pa vle wè moun k'ap denonse lenjistis. Nou pa vle wè moun k'ap di verite nan tribinal.

    5:11 Nou fin peze pòv malere yo, nou fòse yo ban nou nan rekòt jaden yo. Se poutèt sa, nou p'ap rete nan bèl gwo kay an wòch nou bati yo, ni nou p'ap bwè diven ki fèt ak rezen ki soti nan bèl jaden nou te plante yo.

    5:12 Mwen konnen tou jan peche nou fè yo gwo anpil, jan se pa de ti krim nou pa fè. Nou pèsekite moun serye. Nou pran lajan nan men moun k'ap achte figi nou. Nou enpoze pòv malere yo jwenn jistis nan tribinal.

    5:13 Se poutèt sa, yon moun ki gen konprann, se je wè bouch pe. Tan an twò move deyò a.

    5:14 Chache fè sa ki byen pou nou ka viv. Pa fè sa ki mal. Lè sa a, Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, va kanpe avèk nou jan n'ap plede di l' la.

    5:15 Rayi sa ki mal, renmen sa ki byen. Pa kite yo fè lenjistis nan tribinal. Nou pa janm konnen, Seyè a ka gen pitye pou ti rès ki rete nan pitit pitit Jozèf yo.

    5:16 ¶ Se poutèt sa, men sa Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, di: Moun pral mache nan tout lari, yo pral rele nan tout kalfou: Mezanmi, mezanmi, ki lapenn sa a! Yo pral rele tout moun vin nan lanmò a. Y'ap fè chache moun ki konn rele yo pou yo vin kenbe rèl la.

    5:17 Nan tout jaden moun ap plenn. Tou sa, paske m'ap vin pini nou. Se Seyè a menm ki di sa.

    5:18 Sa pral rèd nèt pou moun ki anvi wè jou Seyè a rive! Kisa jou sa a ap fè pou yo? Se pral yon jou fènwa, se p'ap yon jou limyè.

    5:19 Se va tankou yon nonm k'ap kouri pou lapli, epi li tonbe larivyè. Ou ankò, tankou yon moun ki rive lakay li, li mete men l' sou panno kay la, epi yon krab zarenyen mòde l'.

    5:20 Jou Seyè a ap vini an, va fè nwa kou lank, p'ap fè klate. Se va yon jou fènwa, san yon ti limyè.

    5:21 ¶ Seyè a di konsa: Mwen pa vle wè gwo fèt n'ap fè pou mwen yo. Mwen pa ka santi yo. Mwen pa ka sipòte lè nou reyini pou fè sèvis pou mwen.

    5:22 Lè n'a pote bèt pou boule pou mwen, lè n'a fè m' ofrann gato, sa p'ap fè m' plezi. Ni mwen p'ap menm gade bèt gra nou pote vin ofri m' pou di m' mèsi.

    5:23 Sispann chante kantik nou yo nan zòrèy mwen. Mwen pa vle tande mizik gita nou yo ankò.

    5:24 Tankou dlo k'ap kouri larivyè, se pou nou rann tout moun jistis nan peyi a. Tankou yon kouran dlo k'ap kouri san rete, se pou nou toujou fè sa ki dwat.

    5:25 Nou menm, moun Izrayèl, pandan karantan nou pase nan dezè a, nou janm ofri bèt pou touye pou mwen? Nou janm ofri m' gato?

    5:26 Se konsa, koulye a nou gen pou nou pote lakay nou pòtre nou te fè pou nou yo: pòtre Sakit, wa nou an, ak pòtre zetwal Kevan an, bondye n'ap sèvi a.

    5:27 M'ap depòte nou nan yon peyi lòt bò Damas. Men sa Seyè a di, li menm yo rele Bondye ki gen tout pouvwa a.

    SIGUIENTE CAPÍTULO - ÍNDICE Y BÚSQUEDA DE BIBLIA

    God Rules.NET
    Search 100+ volumes of books at one time. SEV Biblia Buscar Reina Valera Buscar Portugués Biblia Buscar