Bad Advertisement?

News / Reviews:
  • World News
  • Movie Reviews
  • Book Search

    Are you a Christian?

    Online Store:
  • Visit Our eBay Store



  • HAITIANO BIBLIA - ISAIAH 22

    ANTERIOR CAPÍTULO - SIGUIENTE CAPÍTULO - AYUDA


    22:1 ¶ Men yon mesaj pou Fon Vizyon an: -Sa k'ap pase konsa? Poukisa tout moun nan lavil la ap moute sou teras anwo kay yo pou fè fèt konsa?

    22:2 Tout lavil la tèt anba. Toupatou se bri, se banbòch. Moun ki mouri nan mitan nou yo, se pa nan goumen ni nan lagè yo mouri.

    22:3 Tout chèf lame nou yo vole gadjè. Anvan menm yo te voye yon flèch, yo te gen tan fè yo tout prizonye. Tout moun ki t'ap kouri met deyò yo, yo fè yo tout prizonye tou.

    22:4 Se poutèt sa mwen di: Kite m' pou kont mwen pou m' ka kriye kont kriye mwen! Pa chache konsole m' pou gwo malè sèk sa a ki tonbe sou pèp mwen an!

    22:5 Jounen jòdi a, se yon jou debandad, se jou yo pèdi batay la, se jou pesonn pa konn sa pou yo fè. Se Seyè ki gen tout pouvwa a menm ki fè sa rive nou. Nan Fon Vizyon an, y'ap kraze miray lavil yo met atè. Nan tout mòn yo, y'ap rele mande sekou.

    22:6 Sòlda peyi Elam yo moute sou cha yo ak sou chwal yo. Banza yo ak flèch yo tou pare, y'ap vini. Lame peyi Ki a pran zam pou pare kou yo.

    22:7 Cha lagè anvayi tout plenn kote nou gen pi bon venn tè jaden. Sòlda yo kanpe sou chwal yo devan pòtay lavil Jerizalèm.

    22:8 ¶ Pa gen anyen ankò pou defann moun peyi Jida yo. Lè sa a, nou kouri al chache zam nan depo zam palè wa a.

    22:9 Nou te wè te gen anpil kote ki fann nan miray lavil David la. Nou ranmase dlo k'ap soti nan rezèvwa anba a.

    22:10 Nou mache konte tout kay ki nan lavil Jerizalèm. Nou kraze de twa ladan yo pou nou fè miray lavil la pi solid.

    22:11 Nou bati yon rezèvwa nan mitan de miray pou ranmase dlo k'ap soti nan Vye Basen. Men, nou pa janm dòmi reve Bondye, li menm ki te fè lide sa a depi lontan, li menm ki lakòz tout bagay sa yo rive konsa.

    22:12 Jou sa a, Seyè ki gen tout pouvwa a te rele nou, li te mande nou pou nou kriye, pou nou plenn, pou nou koupe tout cheve nan tèt nou, pou nou mete rad sak sou nou.

    22:13 Men, gade! Nou pito rete ap ri, n'ap fè fèt, n'ap touye bèf, n'ap touye kabrit ak mouton pou n' manje, n'ap bwè diven. N'ap plede di: Annou manje, annou bwè, paske denmen nou pral mouri.

    22:14 Seyè ki gen tout pouvwa a pale nan zòrèy mwen, li di m': Yo p'ap janm padonnen moun sa yo fòt yo fè la a jouk jou yo mouri. Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa.

    22:15 ¶ Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di m' ankò: -Ale kay Chebna, chèf ki reskonsab kay wa a. Msye te fè fouye yon kavo sou ti mòn lan pou lè li mouri. W'a di l' pou mwen:

    22:16 Kisa ou genyen ki pou ou isit la? Ki fanmi ou gen isit la pou ou fè fouye yon kavo pou ou nan flan ti mòn lan?

    22:17 Ou mèt grannèg kont kò ou, Seyè a pral pase men l' pran ou, l'ap voye ou jete byen lwen.

    22:18 L'ap plòtonnen ou, l'ap fè ou tounen yon boul, l'ap voye ou al teri nan yon pi gwo peyi. Se la l'ap voye ou al mouri nan mitan tout cha ki t'ap fè ou fè tout granpanpan sa a. Ou se yon wont pou kay mèt ou a.

    22:19 M'ap kase ou nan plas kote ou ye a, m'ap fè ou desann soti kote ou chita a.

    22:20 Lè sa a, m'a voye chache sèvitè m' lan, Elyakim, pitit gason Ilkija a.

    22:21 M'a pran palto ki sou do ou la, m'a ba li l'. M'a pran senti ki pase nan ren ou lan, m'a mare ren pa l' avè l'. Pouvwa ou te genyen an, m'ap ba li l': l'ap tankou yon papa pou tout moun nan lavil Jerizalèm ak nan peyi Jida.

    22:22 Apre wa a, pitit pitit ki soti nan fanmi David la, se li menm k'ap sèl chèf. M'ap ba li kle pou l' reskonsab kay David la: Lè li louvri, pesonn p'ap ka fèmen. Lè li fèmen, pesonn p'ap ka louvri.

    22:23 M'ap mete l' chita, l'ap tankou yon zegwi bwa yo fè antre byen fon nan yon poto. Li pral sèvi yon lwanj pou fanmi papa l'.

    22:24 Men, tout fanmi l', tout ti fanmi l' yo pral tounen yon chay twò lou pou li. Yo pral pandye nan kou l' tankou gode ak bòl ki pandye nan yon zegwi bwa.

    22:25 Lè sa a, men sa Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a di: Zegwi yo te fè antre byen fon nan poto a pral rache. L'ap soti, l'ap tonbe atè, epi tout chay ki sou li a pral tonbe tou. Se Seyè a ki di sa.

    SIGUIENTE CAPÍTULO - ÍNDICE Y BÚSQUEDA DE BIBLIA

    God Rules.NET
    Search 100+ volumes of books at one time. SEV Biblia Buscar Reina Valera Buscar Portugués Biblia Buscar