Bad Advertisement?

News / Reviews:
  • World News
  • Movie Reviews
  • Book Search

    Are you a Christian?

    Online Store:
  • Visit Our eBay Store



  • HAITIANO BIBLIA - JOB 38

    ANTERIOR CAPÍTULO - SIGUIENTE CAPÍTULO - AYUDA


    38:1 ¶ Lè sa a, nan yon gwo van tanpèt, Seyè a pale ak Jòb. Li di l' konsa:

    38:2 -Kisa ou ye menm pou w'ap poze keksyon sou plan travay mwen ak yon bann diskou ki pa vle di anyen?

    38:3 Mete gason sou ou! M' pral poze ou keksyon. Pare kò ou pou ou reponn mwen.

    38:4 ¶ Kote ou te ye lè m' t'ap fè latè? Se pou ou reponn mwen si ou konn tout bagay!

    38:5 Ki moun ki te deside lajè l'ap genyen? Ki moun ki te pran mezi l'? Eske ou konn sa?

    38:6 Sou kisa fondasyon latè chita? Ki moun ki te poze wòch ki kenbe l' la?

    38:7 Jou maten sa a, tout zetwal yo t'ap chante, tout sèvitè Bondye yo t'ap bat bravo.

    38:8 Ki moun ki fèmen pòtay pou bare lanmè a, lè li pete soti nan vant latè a?

    38:9 Lè mwen kouvri lanmè a ak nwaj, lè mwen vlope l' nan gwo nwaj nwa yo,

    38:10 mwen bay lanmè a bòn li. Mwen mete pòt avèk kle pou kenbe l' nan plas li.

    38:11 Mwen di l': Men limit ou. Pa depase l'. Se la m'ap kraze fòs lanm ou yo.

    38:12 ¶ Jòb, èske yon sèl fwa ou janm bay lòd pou maten rive? Ou janm bay lè pou bajou kase?

    38:13 Eske ou janm bay devanjou l' lòd pou l' klere sou tout latè, l' pou l' fè mechan yo soti nan twou yo?

    38:14 Lè sa a, tout mòn yo ak tout fon yo parèt aklè, tankou mak pye bèt nan labou. Yo pran koulè yo, ou ta di yon rad latè mete sou li.

    38:15 Limyè solèy la antrave mechan yo nan travay yo. Yo blije kite mechanste yo te pare pou fè a.

    38:16 Eske ou te desann jouk kote sous lanmè a pete a? Eske ou te mache nan fon lanmè a?

    38:17 Eske yo te janm moutre ou pòtay peyi lanmò a? Eske ou te janm wè pòt ki louvri sou gwo twou san fon an?

    38:18 Eske ou gen lide ki lajè latè a genyen? Reponn mwen non, si ou konnen!

    38:19 Eske ou konnen ki bò limyè soti, ki bò fènwa rete,

    38:20 pou ou ka moutre yo jouk ki bò pou yo ale, osinon pou ou voye yo tounen lakay yo?

    38:21 Si ou konn sa, enben, ou te fèt deja lè mwen t'ap kreye yo a. Ou pa manke gen laj sou tèt ou!

    38:22 Eske ou janm rive kote yo fè depo lanèj lan? Ou janm wè depo lagrèl la?

    38:23 Ou konnen depo kote m' sere yo pou lè gen move tan, pou lè batay ak lagè ap fèt?

    38:24 Ou konnen ki bò solèy la leve, ki bò van lès la soti pou l' soufle sou latè?

    38:25 ¶ Ou konnen ki moun ki fè wout bay lapli tonbe, ki moun ki fè chemen pou loraj la,

    38:26 pou lapli tonbe sou dezè a kote moun pa rete,

    38:27 pou wouze tè sèk k'ap fann nan solèy, pou fè zèb pouse nan savann?

    38:28 Eske lapli a gen papa? Ki moun ki fè lawouze?

    38:29 Ki bò moso glas yo soti? Lagrèl ki soti nan syèl la, ki moun ki manman l'?

    38:30 Se yo menm ki fè dlo vin di kou wòch, ki fè tout dlo anwo lanmè a di kou wòch?

    38:31 Ou ka mare zetwal Lapousiyè yo ansanm? Ou ka lage kòd ki kenbe zetwal Oryon yo ansanm?

    38:32 Ou ka mennen zetwal yo soti lè lè yo rive? Ou ka bay Gwo Kabwèt la ak Ti Kabwèt la direksyon pou yo pran?

    38:33 Ou konnen lwa k'ap gouvènen tout bagay nan syèl la? Eske ou ka sèvi ak lwa sa yo pou gouvènen sa k'ap pase sou latè?

    38:34 Eske ou ka bay nwaj yo lòd pou yo voye gwo lapli sou ou?

    38:35 Si ou bay zèklè yo lòd pou yo pati, èske y'ap reponn ou: Wi, men nou?

    38:36 Ki moun ki penmèt krabye konprann lè pou li anonse dlo pral desann fè inondasyon? Ki moun ki fè gwo zwezo sa a konnen lè lapli pral tonbe?

    38:37 Ki moun ki ka konte kantite nwaj ki genyen, san manke yonn? Ki moun ki ka panche yo pou vide dlo lapli,

    38:38 pou pousyè tè a tounen labou, pou boul tè yo kole ansanm?

    38:39 Eske se ou ki jwenn manje pou bay lyon yo manje? Eske ou bay ti lyon yo manje plen vant yo,

    38:40 kote yo kache nan twou yo a, osinon kote yo kouche ap tann nan nich yo a?

    38:41 Ki moun ki pare manje pou kònèy yo, lè grangou fè yo soti nan nich yo, lè pitit yo ap rele nan pye m' pou m' ba yo manje?

    SIGUIENTE CAPÍTULO - ÍNDICE Y BÚSQUEDA DE BIBLIA

    God Rules.NET
    Search 100+ volumes of books at one time. SEV Biblia Buscar Reina Valera Buscar Portugués Biblia Buscar