Bad Advertisement?

News / Reviews:
  • World News
  • Movie Reviews
  • Book Search

    Are you a Christian?

    Online Store:
  • Visit Our eBay Store



  • HAITIANO BIBLIA - LAMENTATIONS 5

    ANTERIOR CAPÍTULO - SIGUIENTE CAPÍTULO - AYUDA


    5:1 ¶ Seyè, gade sa ki te rive nou non! Voye je gade nou. Wè nan ki mizè nou ye!

    5:2 Peyi nou an nan men moun lòt nasyon! Yo pran kay nou pou yo.

    5:3 Nou se timoun san papa. Manman nou tankou fanm ki pèdi mari yo.

    5:4 Se achte pou n' achte dlo pou nou bwè. Si nou pa gen lajan, nou pa jwenn bwa pou nou boule.

    5:5 N'ap travay di tankou bourik, tankou bèf kabwa. Nou bouke, nou pa ka pran kanpo.

    5:6 Pou nou ka jwenn manje pou nou manje nou blije ap lonje men bay peyi Lejip ak peyi Lasiri.

    5:7 Zansèt nou yo fè peche. Yo pa la ankò! Se nou menm k'ap peye pou sa yo te fè.

    5:8 Moun k'ap gouvènen nou yo se esklav yo ye. Pesonn pa ka delivre nou anba men yo.

    5:9 Se gwo danje lè nou soti al dèyè manje. Ansasen toupatou nan peyi a.

    5:10 Grangou ban nou lafyèb. Kò nou cho kou dife.

    5:11 Yo fè kadejak sou madanm nou sou mòn Siyon an. Nan tout ti bouk peyi Jida yo yo kenbe pitit fi nou yo.

    5:12 Yo pran chèf nou yo, yo pann yo. Yo derespekte granmoun nou yo.

    5:13 Yo fòse jenn gason nou yo rale moulen. Ti gason nou yo ap titibe anba gwo chay bwa.

    5:14 Granmoun yo pa chita nan pòtay lavil la ankò. Jennmoun nou yo pa chante ankò.

    5:15 Pa gen kè kontan lakay nou. Nou pa danse ankò! Lapenn plen kè nou!

    5:16 Tou sa ki te konn ban nou kè kontan disparèt. Nou te peche, malè tonbe sou nou.

    5:17 ¶ Nou malad nan fon kè nou, nou pa ka wè tèlman n'ap kriye,

    5:18 paske mòn Siyon an tounen savann. Se bèt nan bwa ase ki rete la.

    5:19 Men ou menm, Seyè, ou wa pou tou tan. W'ap gouvènen jouk sa kaba.

    5:20 Poukisa ou lage nou pou tout tan sa a? Gen lè ou p'ap janm chonje nou ankò!

    5:21 Seyè, fè nou tounen vin jwenn ou non! Fè nou tounen vin jwenn ou! Fè nou viv jan nou te konn viv nan tan lontan an non!

    5:22 Eske ou voye nou jete pou tout bon? Pou di ou p'ap janm sispann fache sou nou?

    SIGUIENTE CAPÍTULO - ÍNDICE Y BÚSQUEDA DE BIBLIA

    God Rules.NET
    Search 100+ volumes of books at one time. SEV Biblia Buscar Reina Valera Buscar Portugués Biblia Buscar