Bad Advertisement?

News / Reviews:
  • World News
  • Movie Reviews
  • Book Search

    Are you a Christian?

    Online Store:
  • Visit Our eBay Store



  • HAITIANO BIBLIA - PROVERBS 31

    ANTERIOR CAPÍTULO - SIGUIENTE CAPÍTULO - AYUDA


    31:1 ¶ Men Pawòl wa Lemwèl, men konsèy manman l' te ba li:

    31:2 Kisa pou m' di ou, pitit mwen, pitit ki soti nan zantray mwen? Se mwen ki te mande Bondye pou l' ban mwen ou. Kisa pou m' di ou?

    31:3 Pa gaspiye kouray ou nan fanm. Veye zo ou ak fanm k'ap fè malè chèf yo.

    31:4 Lemwèl monchè, yon wa pa fèt pou nan bwè bweson. Chèf pa fèt pou nan bwè gwòg.

    31:5 Lè yo bwè konsa, yo bliye lòd yo te bay. Yo p'ap pran ka malere yo.

    31:6 Se moun ki dekouraje ak lavi ki tonbe nan gwòg. Se moun ki gen gwo lapenn nan kè yo ki lage kò yo nan bweson.

    31:7 Yo bwè pou yo bliye mizè yo, pou yo pa chonje lapenn yo.

    31:8 Louvri bouch ou pale pou moun ki pa ka pale pou tèt yo. Defann kòz moun ki san sekou yo.

    31:9 Pale pou yo. Pa fè patipri. Defann kòz malere yo ak endijan yo.

    31:10 ¶ Sa pa fasil pou moun jwenn yon bon madanm. Lè li jwenn li, li gen plis valè pase yon boul lò.

    31:11 Mari l' mete tout konfyans li nan li. Tout bagay ap mache byen lakay li.

    31:12 Madanm lan p'ap janm aji mal ak mari l', l'ap pase tout lavi l' ap fè l' byen.

    31:13 Li chache lenn mouton ak fil swa, li travay yo fè twal ak men l'.

    31:14 Tankou bato k'ap pote machandiz, li al byen lwen chache manje mete nan kay la.

    31:15 Solèy poko leve, li gen tan sou pye l', l'ap pare manje pou moun nan kay la. L'ap di sèvant yo sa pou yo fè.

    31:16 Li fè lide sou yon tè, li achte l' ak lajan li fè ak men l'. Li fè jaden rezen sou li.

    31:17 Li mare ren l', li twouse manch rad li pou l' travay.

    31:18 Li santi zafè l' ap mache byen, li rete byen ta lannwit ap travay.

    31:19 Li file koton, li koud rad li.

    31:20 Li lonje men l' bay pòv. Li pran ka malere.

    31:21 Li pa pè fredi pou moun lakay li, paske tout moun gen rad cho pou mete sou yo.

    31:22 Li fè kouvèti lenn pou kabann yo. Tout rad li yo fèt ak twal wouj tise byen sere.

    31:23 Mari l', se yonn nan chèf fanmi lavil la. Tout moun lavil la ap nonmen non l' an byen.

    31:24 Madanm li fe rad pou l' vann, li fè bèl senti, li vann yo ak machann.

    31:25 Li gen anpil kouraj, tout moun respekte l', li pa pè denmen.

    31:26 Lè li louvri bouch li, se bon konsèy li bay. Li toujou gen bon pawòl nan bouch li.

    31:27 Li konnen vire tounen tout moun nan kay la. Li toujou gen yon bagay l'ap fè.

    31:28 Tout pitit li yo ap fè l' konpliman. Mari l' menm ap fè lwanj li.

    31:29 L'ap di: Mwen konnen anpil madanm. Men ou menm, nanpwen tankou ou!

    31:30 Bèl fanm pa di bon madanm pou sa. Bèl figi pa la pou lontan. Men, y'a fè lwanj yon fanm ki gen krentif pou Seyè a.

    31:31 Ba li sa ki pou li a. Lè y'a wè sa l' fè, se pou tout moun fè lwanj li.

    SIGUIENTE CAPÍTULO - ÍNDICE Y BÚSQUEDA DE BIBLIA

    God Rules.NET
    Search 100+ volumes of books at one time. SEV Biblia Buscar Reina Valera Buscar Portugués Biblia Buscar