Bad Advertisement?

News / Reviews:
  • World News
  • Movie Reviews
  • Book Search

    Are you a Christian?

    Online Store:
  • Visit Our eBay Store



  • HAITIANO BIBLIA - PROVERBS 7

    ANTERIOR CAPÍTULO - SIGUIENTE CAPÍTULO - AYUDA


    7:1 ¶ Pitit mwen, chonje sa m'ap moutre ou la a. Pa janm bliye sa m'ap di ou pou fè a.

    7:2 Si ou fè sa m'ap di ou pou fè a, w'a viv. Konsidere sa m' moutre ou la tankou de grenn je nan tèt ou.

    7:3 Mete li nan tout dwèt ou tankou bag, kenbe li nan kè ou pou ou pa janm bliye l'.

    7:4 Konsidere konesans tankou sè ou. Konsidere bon konprann tankou pi bon zanmi ou.

    7:5 Y'ap fè ou rete lwen madanm lòt moun. Yo p'ap kite ou pran nan pawòl dous madan marye ki nan dezòd.

    7:6 ¶ Yon jou, antan mwen nan fennèt lakay mwen, mwen t'ap gade nan fant jalouzi a.

    7:7 Mwen wè anpil jenn gason san esperyans nan lavi. Te gen yonn ladan yo menm ki te fin fou.

    7:8 Li t'ap mache nan lari a, li rive bò kay yon fanm. Konsa, konsa, li pran chemen ki mennen kay fanm lan.

    7:9 Le sa a solèy te kouche, te fin fè nwa.

    7:10 Madanm lan menm vin kontre li. Li te abiye tankou yon jennès, ak tout plan l' dèyè tèt li.

    7:11 Fanm lan te gen je chèch, li pa t' wont anyen. Li pa t' kapab rete chita lakay li.

    7:12 Li toupatou nan lari, sou laplas, nan tout kalfou. L'ap veye, je l' toupatou.

    7:13 Li pase bra l' nan kou ti jennonm lan. Li bo li, li klere je l' nan je l', li di l':

    7:14 Mwen te gen pou m' ofri yon bèt pou yo touye pou di Bondye mèsi. Se jòdi a mwen kit ak angajman mwen an.

    7:15 Se poutèt sa, mwen vin kontre ou. Mwen t'ap chache ou, mwen jwenn ou.

    7:16 Mwen ranje kabann mwen ak bon jan dra. Mwen mete bèl dra koulè ki soti peyi Lejip sou kabann mwen.

    7:17 Mwen fè kabann mwen santi bon. Mwen vide odè flè jasmen, womaren ak kannèl sou li.

    7:18 Vini non! Ann al damou jouk li jou. Annou pran plezi nou. Ann fè doudous jouk nou sou.

    7:19 Mari m' pa la, li pati, li al fè yon vwayaj byen lwen.

    7:20 Li pati ak anpil lajan nan pòch li. Li p'ap tounen anvan kenz jou.

    7:21 Se konsa, fanm lan fin pran tèt ti jennonm lan. Ak bèl pawòl dous li yo, li fè l' asepte.

    7:22 Jennonm lan pran swiv li, tankou bèf y'ap mennen labatwa, tankou kabrit yo pran nan pèlen

    7:23 k'ap tann yo vin koupe tèt li, tankou zwazo k'ap mache sou pèlen san li pa konnen lavi l' an danje.

    7:24 ¶ Koulye a, pitit mwen yo, koute byen. Louvri zòrèy nou, tande sa m'ap di nou.

    7:25 Pa kite kè nou bat pou fanm konsa. Pa kite li fè nou pèdi chemen nou.

    7:26 Li lakòz anpil gason tonbe mouri. Li lakòz anpil vanyan gason pèdi lavi yo.

    7:27 Depi ou mete pye lakay li, ou sou chemen lanmò. W'ap desann yon pant k'ap mennen ou tou dwat nan simityè.

    SIGUIENTE CAPÍTULO - ÍNDICE Y BÚSQUEDA DE BIBLIA

    God Rules.NET
    Search 100+ volumes of books at one time. SEV Biblia Buscar Reina Valera Buscar Portugués Biblia Buscar