Bad Advertisement?

News / Reviews:
  • World News
  • Movie Reviews
  • Book Search

    Are you a Christian?

    Online Store:
  • Visit Our eBay Store



  • HAITIANO BIBLIA - PSALMS 118

    ANTERIOR CAPÍTULO - SIGUIENTE CAPÍTULO - AYUDA


    118:1 ¶ Fè lwanj Seyè a paske li bon. Li p'ap janm sispann renmen nou!

    118:2 Se pou pèp Izrayèl la di: -Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

    118:3 Se pou prèt k'ap sèvi Bondye yo di: -Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

    118:4 Se pou tout moun ki gen krentif pou Bondye di: -Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!

    118:5 Nan tray mwen te ye a, mwen rele Seyè a, li reponn mwen, li delivre m'.

    118:6 Seyè a pou mwen, mwen pa pè anyen. Kisa moun ka fè m'?

    118:7 Se Seyè a k'ap ede mwen. Se konsa m'ap kanpe gade moun ki rayi m' yo.

    118:8 Pito yon moun chache pwoteksyon anba zèl Seyè a pase pou l' mete konfyans li nan moun.

    118:9 Pito yon moun chache pwoteksyon anba zèl Seyè a pase pou l' konte sou chèf.

    118:10 Tout nasyon yo te sènen m', Men, avèk pouvwa Seyè a, mwen kraze yo nèt.

    118:11 Yo te sènen m', yo te kwense m'. Men, avèk pouvwa Seyè a, mwen kraze yo nèt.

    118:12 Yo te kouvri m' tankou myèl. Men, yo mouri tankou dife nan pay. Avèk pouvwa Seyè a, mwen kraze yo nèt.

    118:13 Yo te ban m' yon bourad pou fè m' tonbe. Men, Seyè a te pote m' sekou.

    118:14 Se Seyè a ki tout fòs mwen, se pou li m'ap chante. Se li menm ki delivre m'.

    118:15 Tande jan moun k'ap mache dwat devan Bondye yo ap rele anndan lakay yo, sitèlman yo kontan! Yo genyen batay la, yo delivre. Seyè a fè bèl bagay avèk pouvwa li.

    118:16 Pouvwa Seyè a se yon pakèt afè. Seyè a fè bèl bagay ak pouvwa li.

    118:17 Non, mwen p'ap mouri. M'a viv! M'a rakonte sa Seyè a fè pou mwen.

    118:18 Li te pini m' byen pini. Men, li pa t' touye m'.

    118:19 ¶ Louvri pòt kay Bondye ki fè m' jistis la pou m' antre, pou m' di Seyè a mèsi.

    118:20 Men pòt kay Seyè a! Se moun ki mache dwat devan l' sèlman ki ka pase ladan l'.

    118:21 Seyè, m'ap di ou mèsi paske ou te koute m', paske se ou menm ki delivre m'.

    118:22 Wòch moun ki t'ap bati yo te voye jete a, se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la.

    118:23 Sa se travay Seyè a menm! Se bèl bagay pou nou wè sa!

    118:24 Ala yon bèl jounen Seyè a ban nou! Ann pase jounen an ap fè fèt, ann fè kè nou kontan!

    118:25 Aa! Seyè! Tanpri, delivre nou! Tanpri, fè nou reyisi nan tou sa n'ap fè!

    118:26 Benediksyon pou moun ki vini nan non Seyè a! Nou menm ki nan kay Seyè a, n'ap beni nou.

    118:27 Seyè a se Bondye li ye. Li wete nou nan fènwa kote nou te ye a. Avèk branch bwa nan men nou, ranje nou pou nou fè tout tou lotèl la.

    118:28 Se ou ki Bondye mwen, m'ap di ou mèsi. Bondye mwen, m'ap di jan ou gen pouvwa!

    118:29 Fè lwanj Seyè a paske li bon. Li p'ap janm sispann renmen nou!

    SIGUIENTE CAPÍTULO - ÍNDICE Y BÚSQUEDA DE BIBLIA

    God Rules.NET
    Search 100+ volumes of books at one time. SEV Biblia Buscar Reina Valera Buscar Portugués Biblia Buscar