Bad Advertisement?

News / Reviews:
  • World News
  • Movie Reviews
  • Book Search

    Are you a Christian?

    Online Store:
  • Visit Our eBay Store



  • HAITIANO BIBLIA - PSALMS 121

    ANTERIOR CAPÍTULO - SIGUIENTE CAPÍTULO - AYUDA


    121:1 ¶ Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Mwen leve je m', mwen gade mòn yo, mwen di: -Ki bò m'a jwenn sekou?

    121:2 Sekou mwen soti nan men Seyè a. Se li menm ki fè syèl la ak latè a.

    121:3 Li p'ap kite pye ou chape, moun k'ap veye sou ou a p'ap janm dòmi.

    121:4 Moun k'ap veye sou pèp Izrayèl la p'ap kabicha, li p'ap dòmi.

    121:5 Se Seyè a k'ap veye sou ou, l'ap kanpe bò dwat ou tankou lonbraj ou. Se li ki tout pwoteksyon ou.

    121:6 Lajounen, solèy la p'ap fè ou anyen, lannwit, lalin lan p'ap fè ou anyen.

    121:7 Seyè a ap pwoteje ou pou anyen pa rive ou, li p'ap kite anyen rive ou.

    121:8 L'ap pwoteje ou kit w'ap antre, kit w'ap soti, depi koulye a ak pou tout tan.

    SIGUIENTE CAPÍTULO - ÍNDICE Y BÚSQUEDA DE BIBLIA

    God Rules.NET
    Search 100+ volumes of books at one time. SEV Biblia Buscar Reina Valera Buscar Portugués Biblia Buscar