Bad Advertisement?

News / Reviews:
  • World News
  • Movie Reviews
  • Book Search

    Are you a Christian?

    Online Store:
  • Visit Our eBay Store



  • HAITIANO BIBLIA - PSALMS 137

    ANTERIOR CAPÍTULO - SIGUIENTE CAPÍTULO - AYUDA


    137:1 ¶ Nou te chita bò larivyè ki nan peyi Babilòn yo, nou t'ap kriye lè nou chonje peyi Siyon.

    137:2 Nou te pandye gita nou yo nan branch pye sikren peyi a.

    137:3 Moun ki te fè nou prizonye yo t'ap mande pou nou chante pou yo. Moun ki t'ap peze nou yo t'ap mande pou nou anmize yo: -Chante yon chante peyi Siyon pou nou non!

    137:4 Ki jan ou ta vle pou n' chante yon chante Seyè a nan yon peyi etranje?

    137:5 Si nou bliye ou, Jerizalèm. se pou nou bliye ki jan pou nou sèvi ak men dwat nou tou.

    137:6 Si nou pa chonje ou, si nou pa konsidere ou tankou pi gwo kontantman nou, se pou lang nou kole nan fon bouch nou.

    137:7 ¶ Seyè, chonje sa moun peyi Edon yo te fè jou yo te pran lavil Jerizalèm. Chonje jan yo t'ap di: Kraze l'! Kraze l' ratè!

    137:8 Nou menm moun lavil Babilòn, yo gen pou yo fini ak nou yon lè. Benediksyon pou moun ki va fè ou sibi menm bagay ou te fè nou sibi a.

    137:9 Benediksyon pou moun ki va pran pitit ou yo, ki va kraze yo sou gwo wòch!

    SIGUIENTE CAPÍTULO - ÍNDICE Y BÚSQUEDA DE BIBLIA

    God Rules.NET
    Search 100+ volumes of books at one time. SEV Biblia Buscar Reina Valera Buscar Portugués Biblia Buscar