Bad Advertisement?

News / Reviews:
  • World News
  • Movie Reviews
  • Book Search

    Are you a Christian?

    Online Store:
  • Visit Our eBay Store



  • HAITIANO BIBLIA - PSALMS 95

    ANTERIOR CAPÍTULO - SIGUIENTE CAPÍTULO - AYUDA


    95:1 ¶ Vini non, ann fè kè nou kontan, ann chante pou Seyè a! Ann fè fèt pou moun k'ap pwoteje nou an, pou moun k'ap delivre nou an!

    95:2 Ann parèt devan li pou nou di l' mèsi! Ann chante yon chante pou fè lwanj li!

    95:3 Paske, Seyè a se yon Bondye ki gen pouvwa, se yon gwo wa sou tout lòt bondye yo.

    95:4 Se li menm ki kenbe fondasyon tè a nan men l'. Se pou li tout tèt mòn yo ye tou.

    95:5 Se pou li lanmè a ye, paske se li ki fè l', latè a tou, paske se li ki ba l' fòm ak men l'.

    95:6 Vini non! Ann bese tèt nou devan li, ann adore li! Ann tonbe ajenou devan Seyè ki kreye nou an!

    95:7 ¶ Se li ki Bondye nou, se pèp li nou ye, l'ap pran swen nou tankou mouton ki nan savann li. Si sèlman nou te vle tande jòdi a sa l'ap di nou:

    95:8 -Pa kenbe tèt ak mwen, tankou zansèt nou yo te fè l' lè yo te bò sous dlo Meriba a, tankou yo te fè l' jou sa a nan dezè a bò Masa.

    95:9 Lè sa a, yo te vle wè jouk ki bò mwen ye ak yo, yo te sonde m', malgre yo te deja wè tou sa mwen te fè pou yo.

    95:10 Pandan karantan, ras moun sa yo ban m' degoutans. Mwen te di: Y'ap fè move lide nan tèt yo. Yo derefize obeyi kòmandman mwen yo.

    95:11 Se sak fè, lè m' te ankòlè a, mwen sèmante yo p'ap janm mete pye yo kote pou yo pran repo ansanm ak mwen an.

    SIGUIENTE CAPÍTULO - ÍNDICE Y BÚSQUEDA DE BIBLIA

    God Rules.NET
    Search 100+ volumes of books at one time. SEV Biblia Buscar Reina Valera Buscar Portugués Biblia Buscar